REYAKSYON KSIL SOU DISKOU PREZIDAN AN AK POZISYON SENATE YO
KSIL ap denonse politik represyon gouvènman an chwazi nan plas satisfè revandikasyon pèp la. Jan KSIL te di li, si dirijan yo pa t lanse yon siyal fò nan sans parèt ak yon ekip tou nèf pou mennen yon lòt politik, yo ta pwal sige dwat nan demagoji ak represyon. Dènye diskou prezidan repiblik la montre li pa konprann anyen nan moman istorik peyi an ap travèse la a. Diskou a montre prezidan an pa konprann mesaj pèp la voye ba li a. Mesaj la klè : se oswa nou chanje direksyon ak yon lòt ekip, oswa nou anfale.
Pèp la pa dakò mouri grangou nan estabilite malatchong.
Pèp la pa dakò mouri grangou pandan dirijan ap fè gagòt lajan, gaspiyay ak koripsyon.
Pèp la pa dakò mouri grangou pandan kominote entènasyonal la ap gaspiye lajan pou antreteni MINISTA.
Pèp la pa dakò mouri grangou pou fè Bank entènasyonal plezi.
Pèp la pa dakò dedi sou dwa granmoun li pou bay fòs etranje dwa vin valkande nan lakou peyi dayiti. Pèp ayisyen an di li p ap aksepte mouri grangou anba dominasyon fòs miltinasyonal.
Manifestasyon yo di nou klè pi gwo sous enstabilite ak vyolans se lamizè, grangou ak malsite.
Pi gwo sous enstabilite, se lè y ap pase diyite nasyonal yon pèp anba pye.
Pigwo sous enstabilite, se lè yon pèp pa gen dirijan li kab fè konfyans, se lè li lage nan men tout kalite malfektè.
Mesaj la klè : Pèp la dakò ak solidarite entènasyonal men pa ak dominasyon entènasyonal. Pèp la dakò pou tout moun, tout kategori sosyal fè sakrifis ansanm pou rebati peyi a.
KSIL ap leve vwal byen wo pou akize kominote entènasyonal la pou tout malè ki ka rive pèp ayisyen an anba dominasyon MINISTA. Peyi a okipe. Tou sa ki rive l, se sou kont MINISTA ak konplis li yo pami dirijan popetwèl yo ki dakò dominasyon sa a, san chache wout ak pèp la pou sòti ladan l.
KSIL ap raple pozisyon l klè : pa gen ankenn rezon ki ka jistifye pou MINISTA konpòte l kou yon fòs represyon pou asire estabilite gouvènman an. Dirijan ki asepte chita pouvwa l sou yon fòs etranje k ap maspinen pèp li, dirijan sa a pa gen ankenn lejitimite. Li pèdi tout kredi, l ap fini nan poubèl listwa. Se pou sa KSIL ap lanse yon dènye apèl bay dirijan yo pou yo pa antre nan koridò makawon sa a. Politik pito nou lèd men se nou ki la a, pa mennen ankenn kote. Sispann sèvi paravan pou yon politik dwategòch.
Se pou sa, n ap mande yo sispann fè paravan pou gwo enterè etranje yo kap kontinye toupizi pèp ayisyen. Sispann jwe wòl kòmandè ak restavèk blan. N ap mande tout patriyòt ki gen yon ti kras diyite, pou yo pa suiv dirijan yo nan politik sa a. Refize bay kolaborasyon yo nan politik kriminèl antinasyonal, antipopilè sa a. Pandan n ap mande pèp la kontinye mobilize san vyolans, nan diyite kont tout politik antinasyonal anti popilè, KSIL ap di MINISTA ak tout dirijan popetwèl yo pinga ! Politik represyon an pa kab yon solisyon. Tou sa k ap pase la a, se rezilta yon move politik ki merite chanje. Pèp Ayisyen an p ap janm aksepte mouri grangou pandan y ap pase diyite l anba pye. Kanta sa, Jamè !
Pwan konsyans politik sa a echwe. !!! Nan sans sa a KSIL ap swiv ak anpil enterè demach senatè yo. Pandan li ankouraje yo, lap mande pèp la rete mobilize poul pa pwan nan ankenn demagoji ak solisyon fo mamit . Nou espere Palmantè konsekan va konprann tou se pa yon kesyon gouvènman ak ekzkitif selman. Pèp la bay palman an kanè tou. Yo pami dirijan sa yo pèp la bay kanè pou tout kalte malvèsasyon, ensousyans, briganday, ak konplisite nan kalite politik sa a, ki mennen nan katchouboumbe n ap viv la. Pèp la ap suiv ak atansyon pozisyon 16 senatè yo pran. L ap tann pou palmantè yo vire kazak yo, pou yo sispann defann enterè pèsonèl yo, pou yo pran pozisyon serye nan moman an, pou se pa chache fè presyon pou yo mete moun pa yo nan ekzekitif la ki pa alawotè, pou ede yo plen pòch yo oubyen kreye kondisyon pou yo fè tout kalte move trafik. Pèp la ap tann palmantè konsekan ansanm ak yon ekip tou nèf ki pou akonpaye l nan you mobilizasyon nasyonal pou nou rive konstui nasyon an.
Leve eskanp figi nou pou nou pwan yon lòt chemen ki alawotè revandikasyon pèp vanyan peyi DAYITI. An nou mare senti nou, nan solidarite youn ak lòt, nan solidarite ak peyi ki vle ede nou ak respè, pou nou viv lib olye nou mouri grangou san diyite anba lokipasyon.
POU YOU PÈP LIB NAN YOU PEYI GRAN MOUN
Pòtoprens, jou ki 10 avril 2008
Pou Kolektif Solidarite Idantite ak Libète (KSIL) :
Yanick Guiteau Dandin
Jean William Jeanty
Maxime Magloire
Si vous avez apprécié cet article, s'il vous plait, prenez le temps de laisser un commentaire ou de souscrire au flux afin de recevoir les futurs articles directement dans votre lecteur de flux.

Commentaires
Pas encore de commentaire.
Laisser un commentaire