Nòt pou LAPRÈS konsènan LAVICHÈ, GRANGOU, MALSITE ak chanjman nan gouvènman an

NÒT POU LAPRÈS

Pòtoprens, jou ki 16 avril 2008

SOU KESYON LAVICHÈ, GRANGOU, MALSITE AK NOUVEL EKIP KI PRAL MONTE NAN GOUVÈLMAN AN
N ap mande popilasyon an pou li fè atansayon lè y ap pale de lavichè ki toupatou nan lemonn. Nou dwe fè diferans ant lavichè yon pa; grangou, lamizè ak malsite yon lòt pa. Se pa toupatou lavichè donnen grangou ak malsite.

Nou dwe konprann lavichè a frape pi fò peyi gwo pisans yo anpeche pran desten yo an men pandan gwo òganizasyon entènasyonal yo ap dikte yo tout kalite politik pou yo swiv, pi espesyalman politik ekonomik yo. Se nan peyi sa yo kriz grangou a ap layite kò li jounen jodi a. Se sa ki fè se sitou ladan yo gen anpil pèp k ap manifeste kont lavichè. Sitiyasyon sa a, se rezilta yon sivilizasyon ki rive nan yon degre peze-souse jouk nan bout, ki anvayi tout planèt la, yo rele « mondyalizasyon ». Se sa ki fè, andedan chak peyi, pandan yon bann moun ap mouri grangou, yon ponyen lòt ap byen mennen. Sitirasyon peze-souse sa a ki chita sou rèy ranmase lajan, fè lajan fè pil nan men yon ponyen moun, nan lemonn ak andedan peyi a, se li menm k ap kale grangou ak lamizè. Se li menm ki fè jou an jou plis moun gen tanta, y ap chache tout mwayen pou yo gen lajan nenpòt kijan pou yo byen mennen, san konsiderasyon pou majorite popilasyon yo k ap kokobe anba mizè, san konsiderasyon pou lanati k ap depafini, san konsiderasyon pou lavi moun jodi ni pou jenerasyon k ap vini. Se li ki kale kòripsyon, dwèt long siperyè, gran manjè, detounen lajan toupatou, gaspiyay nan sèvis leta, kidnaping, trafik dwòg, gwo vòlò, kontrebann, ak tout kalite delenkan. Se li ki kreye trafik zam ak lagè. Se li ki kreye tout kalte ensekirite ak “enstabilite”, pou itilize yon mo alamòd.

Kantite moun k ap vin pi pòv jou an jou, kalte dezas k ap fwape limanite toupatou se siy sivilizasyon mondyal sa a pa ka kontinye konsa. Li mande chanje. Rezistans k ap mennen nan tout peyi sa yo ki viktim nan, se pou pèmèt konstui yon lòt sivilizasyon kote tout moun kab benefisye sèten gwo pwogrè lasyans, ak tout resous limanite genyen, pou tout moun sou latè viv byen. Kidonk, se batay pou yon lòt kalte mondyalizasyon. Leve kanpe pèp ayisyen kont sitiyasyon sa a ki pi rèd an Ayiti, dwe yon may nan chenn goumen kont sivilizasyon peze-souse sa a, pou ka gen yon lòt rapò ki balanse nan mitan moun, epi ant peyi ak peyi nan lemonn. Gwo mobilizasyon ki sòt fet la a, malgre feblès li ak move zak ki pase ladan, se siyal pèp yo p ap dòmi. Se pousa, fòk nou mete kanpe òganizasyon djanm nan tout rejyon nan peyi a, pou nou kapab mennen lit sa a ki pa fasil, nan pi bon kondisyon.

KSIL ap suiv ak anpil enterè ak vijilans, repons dirijan yo pwal bay revandikasyon ki sòti nan mobilizasyon sa a. KSIl pèsiste kwè bagay yo pa ka kontinye kou anvan. Fòk gen yon siyal chanjman politik ki reponn siyal pèp la lanse a. Pou nou menm, poipilasyon an pale klè.
Premye siyal fò pèp la ap tann san demagoji, se mennen batay kont koripsyon, kont kidnaping ak tout kalte move trafik, ki se yon priyorite pou jwenn resous pou bay pèp la lespwa, pou wete pèp la nan grangou ak nan chomaj. Se chemen pou jwenn lapè tou andedan peyi a. Deklannche you batay konsekan pou fè netwayaj nan administrasyon leta yo, nan palman an, pou ride sosyete a netwaye tou. Se sa ki fè, fòk nou lonje dwèt sou tout tèt kowonpi nou wè ki parèt nan ekip gouvèlman k ap vini an ak tout lòt kote nou konnen yo ye. Veye ! Denonse ! Mete dosye yo deyò! Nou dwe lanse yon gwo mobilizasyon nasyonal sou tout fòm pasifik kont koripsyon ak kriminalite, nan pouvwa a, nan sosyete a, nan pati politik, nan oganizasyon nou yo. Sosyete a pouri, leta a pouri. Si nou pa leve kanpe pou yon gwo netwayay, kòripsyon ap bwote n ale.

Mesaj la klè : se oswa nou chanje direksyon ak yon lòt ekip, oswa nou anfale.

Pèp la pa dakò mouri grangou nan estabilite malatchong, kase fey kouvri sa.
Pèp la pa dakò mouri grangou pandan dirijan ap fè gagòt lajan, gaspiyay ak kòripsyon.
Pèp la pa dakò mouri grangou pandan kominote entènasyonal la ap gaspiye lajan pou antreteni MINUSTAH.
Pèp la pa dakò mouri grangou pou fè Bank entènasyonal plezi.
Pèp la pa dakò dedi sou dwa granmoun li pou bay fòs etranje dwa vin valkande nan lakou peyi d Ayiti. Pèp ayisyen an di li p ap aksepte mouri grangou anba dominasyon fòs miltinasyonal.

Manifestasyon yo di nou klè, pi gwo sous enstabilite ak vyolans se lamizè, grangou ak malsite.
Pi gwo sous enstabilite, se lè y ap pase diyite nasyonal yon pèp anba pye.
Pi gwo sous enstabilite, se lè yon pèp pa gen dirijan li kab fè konfyans, se lè li lage nan men tout kalite malfektè.

Mesaj la klè : Pèp la dakò ak solidarite entènasyonal men pa ak dominasyon entènasyonal. Pèp la dakò pou tout moun, tout kategori sosyal fè sakrifis ansanm pou rebati peyi a.
POU YON PÈP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN !

Pou KSIL (Kolektif Solidarite, Idantite ak Libète) AK Pou KORE N (Kòdinasyon Òganizasyon Rejyonal yo pou Refondasyon Nasyon an) :
Yanick Guiteau Dandin
Jean William Jeanty
Maxime Magloire

Si vous avez apprécié cet article, s'il vous plait, prenez le temps de laisser un commentaire ou de souscrire au flux afin de recevoir les futurs articles directement dans votre lecteur de flux.

Commentaires

Pas encore de commentaire.

Laisser un commentaire

(requis)

(requis)