Vivre dans la dignité / Viv tankou Moun
Bay Ayiti yon chans/Sispann di se Ayisyen ki move
Chans pou nou chwazi an gran moun kòman nap dirije tèt nou ak ki moun nap mete alatèt nou
Chans pou viv nan lapwòpte, nan yon anviwònman ki sen ki ekilibre
Chans pou nou mennen lavi a jan sa fè nou byen nan kò nou, nan lespri nou, nan bonnanj nou selon kwayans nou.
Peyi nou an, tè nou an pa dwe sèvi baz pou gwo pisans mennen politik pa yo, nan enterè pa yo.
Nou dwe viv nan Lapè ak Solidarite ak tout pèp, men nou pa dwe pote chay pa zòt ni pran pa nan meli melo briganday yap simen sou latè.
Nou pa bezwen gwo zam fann fwa ni lame kraze zo. Nou pa gen lentansyon, ni enterè, ni kapasite fè lagè ak pèsonn.
Tout richès nou, tout resous nou dwe konsantre pou bati yon Lavi Senp.
Si nou dakò pou Lavi Senp peyi a gen kont richès pou nou tout viv alèz. Men si se pou modèl blan an se yon ti ponyen kap kapab; tout rès la ap chimè e peyi a pwal nan lanmè.
Pa bliye pawol la di:
“Pa gen chape poul pèsonèl
se youn lonje men bay lòt (sa ki vle)
osnon pèsonn pap pase”
Si vous avez apprécié cet article, s'il vous plait, prenez le temps de laisser un commentaire ou de souscrire au flux afin de recevoir les futurs articles directement dans votre lecteur de flux.

Commentaires
Pas encore de commentaire.
Laisser un commentaire