KSIL di Anavan nan Batay Kont Koripsyon
NÒT POU LAPRÈS / 31 ME 2007.
Kolektif Solidarite Idantite Ak Libète, KSIL di Anavan nan Batay Kont Koripsyon,
Men…
KSIL ap swiv ak anpil enterè volonte egzekitif la manifeste pou mennen batay pou kwape koripsyon nan peyi dayiti. KSIL salye lide pou fè ane sa a premye ane pou tanmen bon jan netwayay nan leta ak nan sosyete a. Pandan n ap tann bon jan siyal ki ka montre nan reyalite a kouman bèl deklarasyon sa a pwal ateri, nou kwè li nesesè pou fè yon ti klate sou kesyon an.
Tou dabò nou dwe klè sosyete nou an jan li ye a se pa yon sosyete « kote gen koripsyon ». Se yon sistèm koronpi, pouri jouk nan zo. Kit nan administrasyon leta, kit nan sosyete sivil, menm nan lavi prive se koripsyon kap kòmande. Ki moun ki pa konnen chak aksyon ou gen pou w poze andedan sosyete a mete ou bap pou bab ak koripsyon. Kit se pou satisfè bezwen elemantè w kòm moun, kit se pou akonpli yon senp devwa sitwayen, koripsyon koriptè sènen w devan dèyè. Menm sistèm valè ki alamòd jounen jodia ankouraje koripsyon nan fanmi, nan relasyon moun ak moun, nan rapò sitwayen ak leta, nan rapò dirijan yo ant yo menm. Fason pou w monte sou pouvwa, nan legliz, nan pati politik, nan biznis, nan lekòl, nan inivèsite, nan eleksyon, nan fòme gouvènman elt.. tout jwen nan sosyete a se koripsyon. Lè w ap viv nan yon ti peyi pòv, enpi sèl sa ki gen valè se lajan, kouman ou vle li pa koronpi ?
San konte peyi a fèmen andedan yon sistèm entènasyonal kap naje nan koripsyon: Trafik dwòg, trafik zam, trafik fanm, trafik timoun. Tout kalite zak kriminèl ilegal kou legal patisipe angranjan nan fè sistèm nan fonksyone. Koripsyon se pa yon senp maladi kap frape sosyete a, se yon kansè kap gangrennen l, pou pa di se nati sistèm nan menm ki konsa.
Sa ka parèt dwòl pou nou di, men mezanmi se yon verite : Sosyete nou gen la a pa ka fonksyone san koripsyon ; san koripsyon l ap bloke, l ap paralize.
Ki vle di : premye mezi tout bon kont koripsyon, ap kraze fotokopi sosyete chifonnen nou genyen la a, paske tou senpleman se yon sistèm koronpi, pouri. Se poutèt sa KSIL apiye ak tout fòs li tout batay serye kont koripsyon, ki vle di antere sistèm kadav sa a pou bati yon sosyete kote moun kapab viv tankou moun, kote sitwayen ka fonksyone nan respè ak diyite.
Annatandan, an nou koumanse mete men nan dosye ki deja pare yo, pou nou wè jouk kote sa ka rive.
Pou KSIL/ Maxime MAGLOIRE
Si vous avez apprécié cet article, s'il vous plait, prenez le temps de laisser un commentaire ou de souscrire au flux afin de recevoir les futurs articles directement dans votre lecteur de flux.

Commentaires
Pas encore de commentaire.
Laisser un commentaire